Deuteronomy 11:12
Se yon peyi Seyè a, Bondye nou an, ap pran swen, yon peyi l'ap veye pou anyen pa rive l' depi premye jou nan lanne a rive dènye jou a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 9:3Seyè a di l' konsa: -Mwen tande lapriyè ou la. Mwen mete tanp ou bati a apa pou sèvis mwen. Se la pou moun adore m' tout tan. M'ap voye je sou li, m'ap toujou pwoteje l'.
Psalms 33:18Seyè a ap veye sou moun ki gen krentif pou li. L'ap veye sou moun ki met espwa yo nan li paske yo konnen li renmen yo.
Psalms 65:11(065:12) Ala yon bèl rekòt ou ban nou lè lanne a fini! Tout kote ou pase gen abondans an kantite!
Jeremiah 24:6M'ap toujou voye je sou yo, m'ap mennen yo tounen nan peyi sa a. M'ap fè yo grandi, mwen p'ap kraze yo. M'ap plante yo, mwen p'ap derasinen yo ankò.