Deuteronomy 11:18
Fè pawòl m'ap di nou la a antre nan tèt nou pou nou pa janm bliye yo! Mare yo sou ponyèt nou ak sou fwon nou pou nou ka toujou chonje yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 13:16Sèvis sa a va tounen tankou yon mak sou men nou, tankou bando nou mare sou fwon nou, pou fè nou chonje se ak fòs ponyèt li Seyè a te fè nou soti kite peyi Lejip.
Deuteronomy 6:9N'a ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay lavil nou yo.
Psalms 119:11Mwen sere pawòl ou yo nan kè mwen, pou m' pa fè peche kont ou.
Proverbs 6:20Pitit mwen, toujou fè sa papa ou di ou fè. Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou.
Proverbs 7:3Mete li nan tout dwèt ou tankou bag, kenbe li nan kè ou pou ou pa janm bliye l'.
Colossians 3:16Kenbe pawòl Kris la ak tout richès li yo byen fèm nan kè nou. Se pou nou yonn aprann nan men lòt, se pou nou yonn bay lòt konsèy avèk anpil bon konprann. Se pou nou chante sòm, kantik ak tout lòt chante Lespri Bondye a va moutre nou, pou di Bondye mèsi ak tout kè nou.