Deuteronomy 11:4
Nou te wè kisa li te fè lame Lejip la ak tout chwal yo ak tout cha yo, ki jan li te fè dlo lanmè Wouj la kouvri yo, lè yo t'ap rapouswiv nou an. Seyè a te kraze yo nèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Nou konnen sa li te fè pou nou tout tan nou te nan dezè a jouk nou rive isit la.
Cross References
Exodus 14:23Moun peyi Lejip yo pran rapouswiv yo. Yo antre dèyè yo nan mitan lanmè a ak tout chwal farawon yo, tout cha li yo ak tout kavalye l' yo.
Exodus 15:4Li voye cha farawon yo ansanm ak tout lame l' a jete nan lanmè. Li fè pi bon sòlda li yo mouri neye nan lanmè Wouj la.
Exodus 15:19Chwal farawon yo ansanm ak tout cha ak kavalye yo te tonbe nan lanmè. Seyè a fè dlo a tounen nan plas li. Dlo a kouvri yo tout. Men, moun pèp Izrayèl yo menm te mache nan fon lanmè a tankou sou tè sèk.
Hebrews 11:29Se paske pitit Izrayèl yo te gen konfyans nan Bondye kifè yo te kapab pase nan mitan lanmè Wouj la tankou si yo t'ap mache sou tè sèk. Men, lè moun peyi Lejip yo vin seye fè menm bagay tou, lanmè a kouvri yo.