Deuteronomy 12:11
Wi, Seyè a, Bondye nou an, va chwazi yon sèl kote pou yo fè sèvis pou li. Se la n'a pote tout ofrann mwen mande nou yo ba li: ofrann bèt pou nou boule nèt nan dife pou Seyè a, lòt bèt n'ap ofri ba li, ladim nou yo, lòt ofrann yo ak tout lòt bèl kado nou te pwomèt pou n' te bay Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 17:4depi se pa devan pòt Tant Randevou a li touye l' pou l' ofri l' bay Seyè a la devan kay Seyè a, moun sa a koupab, li fè yon krim, li fè san koule. Se pou yo wete l' nèt nan mitan moun pèp Bondye a.
Deuteronomy 12:14Seyè a pral chwazi yon kote nan pòsyon tè yonn nan branch fanmi nou yo. Se la sèlman n'a ka ofri bèt pou nou boule nèt pou Seyè a, se la n'a fè tou sa li mande pou nou fè a.
Deuteronomy 12:21Lè kote Seyè a chwazi pou yo fè sèvis pou li a twò lwen pou nou ale, n'a gen dwa touye bèf, kabrit ak mouton Seyè a va ban nou, jan mwen te di nou pou nou fè l' la. N'a gen dwa manje vyann lakay nou lè nou vle, kantite nou vle.
Deuteronomy 14:23Apre sa, nou va ale kote Seyè a te chwazi pou fè sèvis pou li a. Epi la, devan Seyè a, n'a manje ladim farin nou, ladim diven nou ak ladim lwil oliv nou ansanm ak premye pitit bèf, premye pitit mouton ak premye pitit kabrit nou yo. Se konsa n'a aprann pou nou toujou gen krentif pou Seyè a.
Deuteronomy 15:20Chak lanne, nou menm ak tout fanmi nou, n'a manje yo devan Seyè a, kote Seyè a, Bondye nou an, te chwazi a.
Deuteronomy 17:8Si yo ta mennen ban nou yon ka ki twò difisil pou nou jije, tankou ka yon moun ki touye yon lòt, osinon ka moun k'ap diskite pou defann dwa yo ak enterè yo, ou ankò lè yon moun resevwa yon move kou nan kò l', ou nenpòt lòt ka ki ta prezante devan nou nan lavil kote nou rete a epi ki twò difisil pou nou jije l' nou menm, n'a leve, n'a moute kote Seyè a, Bondye nou an, te chwazi pou yo fè sèvis pou li a,