Deuteronomy 12:14
Seyè a pral chwazi yon kote nan pòsyon tè yonn nan branch fanmi nou yo. Se la sèlman n'a ka ofri bèt pou nou boule nèt pou Seyè a, se la n'a fè tou sa li mande pou nou fè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Piga nou ofri bèt nou yo pou mwen nenpòt kote nou wè yo te mete apa pou lòt bondye yo.
Cross References
Leviticus 17:4depi se pa devan pòt Tant Randevou a li touye l' pou l' ofri l' bay Seyè a la devan kay Seyè a, moun sa a koupab, li fè yon krim, li fè san koule. Se pou yo wete l' nèt nan mitan moun pèp Bondye a.
Deuteronomy 12:11Wi, Seyè a, Bondye nou an, va chwazi yon sèl kote pou yo fè sèvis pou li. Se la n'a pote tout ofrann mwen mande nou yo ba li: ofrann bèt pou nou boule nèt nan dife pou Seyè a, lòt bèt n'ap ofri ba li, ladim nou yo, lòt ofrann yo ak tout lòt bèl kado nou te pwomèt pou n' te bay Seyè a.
Deuteronomy 14:23Apre sa, nou va ale kote Seyè a te chwazi pou fè sèvis pou li a. Epi la, devan Seyè a, n'a manje ladim farin nou, ladim diven nou ak ladim lwil oliv nou ansanm ak premye pitit bèf, premye pitit mouton ak premye pitit kabrit nou yo. Se konsa n'a aprann pou nou toujou gen krentif pou Seyè a.
Deuteronomy 16:2Pou fèt delivrans lan, n'a ofri bèf, kabrit ak mouton pou yo touye pou Seyè a, Bondye nou an, kote li te chwazi pou yo adore l' la.
Deuteronomy 18:6Lè yon moun fanmi Levi ki rete nan yonn nan lavil nou yo, nenpòt kote nan peyi Izrayèl la, santi li ta renmen ale kote Seyè a te chwazi pou yo fè sèvis pou li a,
Joshua 9:27Depi jou sa a, Jozye mete yo la pou fann bwa, pou bwote dlo pou pèp Izrayèl la ak pou lotèl Seyè a. Jouk jòdi a, se sa y'ap fè tout kote Seyè a chwazi pou yo adore l' la.