The Bible Software
bible.software › Deuteronomy › Deuteronomy 12 › Deuteronomy 12:31

Deuteronomy 12:31

Se pa konsa pou n' aji ak Seyè a, Bondye nou an. Paske, Seyè a pa ka sipòte tout vye sèvis y'ap fè pou bondye sa yo. Yo menm rive pran pwòp pitit gason ak pitit fi yo pou yo boule nan dife pou bondye yo!

Bib La

In The King James Version

Thou shalt not do so unto the LORD thy God: for every abomination to the LORD, which he hateth, have they done unto their gods; for even their sons and their daughters they have burnt in the fire to their gods.

In Context

30atansyon pou nou pa kite yo pran tèt nou pou nou fè menm jan ak yo. Apre Seyè a va fin kraze nasyon sa yo devan nou, pa konprann pou n' al swiv move egzanp yo. Pa chache konnen ki bondye yo t'ap sèvi, ni ki jan yo t'ap sèvi yo, lèfini pou nou fè tankou yo.

32Se pou nou toujou fè tou sa mwen mande nou fè la a, san nou pa ni mete ni wete anyen ladan yo.

Read all of Deuteronomy 12

Cross References

Leviticus 18:3Piga nou janm fè menm jan ak moun peyi Lejip kote nou te ye a, ni tankou moun peyi Kanaran kote mwen pral mennen nou an. Piga nou swiv mès yo.

Leviticus 18:26Men nou menm, se pou nou kenbe tout lòd ak tout kòmandman mwen ban nou yo. Piga pesonn ni nan nou, ni nan moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo fè ankenn nan bagay mwen pa vle wè yo.

Leviticus 20:2-Men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo: Depi yon moun bay yonn nan pitit li yo pou sèvi nan sèvis zidòl Molòk, li te mèt moun peyi a osinon moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a, se pou yo touye l'. Wi, tout moun nan peyi a va kalonnen l' wòch jouk li mouri.

Deuteronomy 12:4Nou pa fèt pou nou sèvi Seyè a, Bondye nou an, jan moun sa yo te konn sèvi bondye yo.

Deuteronomy 18:10Piga pesonn nan nou pran pitit gason osinon pitit fi li pou li boule nan dife pou zidòl. Piga gen pesonn nan mitan nou k'ap fè divinò, k'ap etidye zetwal nan syèl la pou konnen sa ki gen pou rive, k'ap pran pwen, k'ap fè maji.

2 Kings 3:27Lè sa a, wa peyi Moab la pran premye pitit gason l' lan, sa ki te pou pran plas li sou fotèy la, li ofri l' bay bondye peyi Moab la, li touye l' sou tèt miray lavil la. Lè moun Izrayèl yo wè sa, yo pè pou malè pa rive yo. Yo rale kò yo dèyè, yo tounen nan peyi yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Deuteronomy 12:31

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Deuteronomy 12:30Deuteronomy 12Deuteronomy 12:32 →