Deuteronomy 13:16
N'a ranmase tou sa moun yo te genyen nan lavil la, n'a anpile yo sou plas piblik la. N'a mete dife nan lavil la ak tou sa ki ladan l' pou yo sèvi yon ofrann pou Seyè a, Bondye nou an. Se pou lavil la toujou rete yon pil mazi pou li pa janm rebati ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 22:19Se pou yo touye tout moun ki kwaze ak zannimo.
Joshua 6:21Yo ofri tou sa ki nan lavil la bay Seyè a. Avèk nepe yo, yo touye tout moun nan lavil la, fanm kou gason, granmoun kou timoun, tout bèf, tout mouton, tout bourik.
Joshua 6:26Lè sa a, Jozye bay avètisman sa a pou tout moun, li di: -Madichon Bondye pou nenpòt moun ki konprann pou l' ta rebati lavil yo rele Jeriko a. Si yon moun mete men nan fondasyon l' yo, l'ap pèdi premye pitit gason l' lan. Si yon moun remoute pòtay li yo, l'ap pèdi dènye pitit gason l' la.
Isaiah 17:1Men sa Bondye di k'ap rive lavil Damas: -Lavil Damas p'ap yon lavil ankò. L'ap tounen yon pil demoli.
Jeremiah 49:2Se sa ki fè men jou a ap rive. Se mwen menm Seyè a k'ap pale la a. Mwen pral fè moun ki rete Raba, kapital peyi Amon an, tande bri lagè. Lavil la pral tounen yon pil wòch. Yo pral boule ti bouk li yo ratè. Lè sa a, moun pèp Izrayèl yo va reprann tè ki te pou yo a.