Deuteronomy 14:1
Seyè a, Bondye nou an, konsidere nou tankou pwòp pitit li. Lè nou gen moun mouri, piga nou kòche kò nou ak kouto, ni piga nou kale devan tèt nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 6:4Lè sa a, epi pandan lontan apre sa, te vin gen sou latè yon ras moun wo anpil: se te pitit pitit fi lèzòm yo te fè pou pitit gason bondye yo. Se yo ki te vanyan gason nan tan lontan yo, kifè tout moun t'ap nonmen non yo.
Leviticus 19:27Lè nou gen moun mouri, piga nou koupe pafouten nou raz, piga nou taye pwent bab nou,
Leviticus 21:5Prèt yo pa gen dwa kale ankenn pati nan tèt yo, ni yo pa gen dwa taye pwent bab yo, ni yo pa gen dwa make kò yo avèk kouto, pou fè wè yo gen moun mouri.
Psalms 82:6Mwen te di se bondye nou ye, nou tout se pitit Bondye ki anwo nan syèl la nou ye.
Jeremiah 3:19Seyè a te di ankò: -Jan m' ta renmen asepte ou pou pitit mwen! Mwen ta ba ou yon peyi ki plen bèl bagay, peyi ki pi bèl pase tout lòt peyi sou latè, peyi ki t'ap rele ou pa ou. Mwen t'ap di nan kè m' yo pral rele m' papa. Yo p'ap janm vire do ban mwen ankò.
Jeremiah 31:9Sou tout wout la y'ap lapriyè, y'ap kriye de ran dlo, antan m'ap mennen yo tounen. M'ap fè yo pran yon wout plat kote yo p'ap bite, jouk yo rive bò sous dlo yo. Mwen tankou yon papa pou pèp Izrayèl la. Efrayim se premye pitit gason m'.