The Bible Software
bible.software › Deuteronomy › Deuteronomy 14 › Deuteronomy 14:22

Deuteronomy 14:22

Chak lanne, n'a pran ladim rekòt nou, yon dizyèm nan tou sa jaden nou yo donnen, n'a mete l' apa.

Bib La

In The King James Version

Thou shalt truly tithe all the increase of thy seed, that the field bringeth forth year by year.

In Context

21Piga nou janm manje ankenn bèt nou jwenn tou mouri, paske nou menm se yon pèp k'ap viv apa pou Seyè a, Bondye nou an, nou ye. Men, nou ka pran vyann lan pou nou bay osinon pou nou vann moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou ou ankò ki depasaj lakay nou. Piga nou janm kwit yon jenn ti kabrit nan lèt manman l'.

23Apre sa, nou va ale kote Seyè a te chwazi pou fè sèvis pou li a. Epi la, devan Seyè a, n'a manje ladim farin nou, ladim diven nou ak ladim lwil oliv nou ansanm ak premye pitit bèf, premye pitit mouton ak premye pitit kabrit nou yo. Se konsa n'a aprann pou nou toujou gen krentif pou Seyè a.

Read all of Deuteronomy 14

Cross References

Genesis 47:24Lè sezon rekòt la va rive, n'a bay farawon an yon senkyèm (01/5) nan tou sa nou rekòlte. Rès la va pou nou, pou nou plante nan jaden nou yo, pou nou manje nou menm ansanm ak pitit nou yo ak tout moun ki lakay nou.

Leviticus 27:30N'a mete dis pou san (010%) nan tout rekòt jaden nou apa pou Seyè a, li te mèt rekòt jaden nou fè nou menm, osinon rekòt pyebwa ki donnen nan jaden nou. Se pou Seyè a dis pou san sa yo ye.

Numbers 18:31Y'a manje l' kote yo vle, ansanm ak tout moun lakay yo. Se tankou lajan yo ba yo pou travay y'ap fè nan Tant Randevou a.

Deuteronomy 12:17Nan tout lavil kote nou rete, nou p'ap gen dwa manje ladim ble, ladim diven osinon ladim lwil nou gen pou n' ofri bay Seyè a. Piga nou janm manje anyen nan sa n'ap ofri bay Seyè a: ki vle di premye pitit bèf nou yo, premye pitit kabrit osinon mouton nou yo, ou ankò kado nou ta pwomèt Seyè a pou nou ba li, kado nou leve konsa nou vle fè Seyè a, ni ankenn lòt ofrann nou pote bay Seyè a.

Nehemiah 10:37Konsa tou, n'a pote bay prèt yo kote y'ap viv nan tanp lan pen n'a fè ak premye grenn n'a rekòlte chak lanne yo, ansanm ak lòt ofrann fwi pyebwa nou yo va donnen, diven ki fenk fèt ak lwil oliv fre. N'a pote ladim tout rekòt n'a fè nan jaden nou bay moun Levi yo. Se yo menm ki va mache nan tout ti bouk nou yo pou ranmase ladim kote yo fè jaden.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Deuteronomy 14:22

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Deuteronomy 14:21Deuteronomy 14Deuteronomy 14:23 →