Deuteronomy 14:27
Pa bliye moun Levi k'ap viv nan lavil nou yo paske yo menm yo pa gen anyen ki rele yo pa yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
28Chak twazan, n'a pran ladim tout rekòt n'a fè nan lanne a, n'a mete yo nan pòtay lavil nou yo.
Cross References
Numbers 18:20Apre sa, Seyè a di Arawon konsa: -Ou p'ap jwenn okenn pòsyon nan tè eritaj ki pou pèp la. Ou p'ap janm gen yon moso tè ki va rele ou pa ou nan peyi a. Se mwen menm ki tout ou, se mwen menm ki tout byen ou nan mitan pèp Izrayèl la.
Deuteronomy 12:12Lè sa a, n'a fè fèt devan Seyè a, Bondye nou an, ansanm avèk pitit gason nou yo, pitit fi nou yo, gason ak fanm k'ap travay lakay nou yo ak moun Levi k'ap viv nan mitan nou yo, paske moun Levi yo pa gen ankenn pòsyon tè ki rele yo pa yo menm jan ak nou nan peyi a.
Deuteronomy 12:19Toutotan n'ap viv nan peyi a, piga nou janm bliye moun Levi yo.
Deuteronomy 18:1Prèt yo, fanmi Levi yo, ki vle di tout gason ki nan branch fanmi Levi a, p'ap gen anyen ki rele yo pa yo nan byen eritaj moun pèp Izrayèl yo. Y'a viv ak manje pèp la va ofri bay Seyè a ak tou sa pèp la va mete apa pou Seyè a.
1 Timothy 5:17Kanta chèf reskonsab yo k'ap dirije legliz la byen, se pou yo resevwa yon lajan doub, sitou ansyen k'ap bay tout tan yo pou bay pawòl la ak pou fè enstriksyon moun yo.