Deuteronomy 15:10
Non. Se pou nou prete l' epi lè n'ap prete l', se pou ou fè l' ak tout kè ou. Konsa, poutèt sa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tout travay nou, nan tou sa n'ap fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 14:19Tout ti bèt ak zèl pa bon pou nou menm k'ap sèvi Bondye. Piga nou manje yo.
Deuteronomy 15:4Konsa, p'ap gen moun pòv nan mitan nou, paske Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan peyi l'ap ban nou pou byen eritaj nou an, nan peyi nou pral pran pou nou an.
Deuteronomy 24:19Lè n'ap ranmase rekòt ble nan jaden nou epi nou bliye ranmase kèk grap ki tonbe atè, pa tounen al pran yo. N'a kite yo pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou, pou timoun san papa ak fanm ki pèdi mari yo. N'a fè sa pou Seyè a, Bondye nou an, ka beni nou nan tou sa n'ap fè.
Proverbs 11:24Moun ki bay san gad dèyè, sa pa anpeche yo vin pi rich. Men, moun ki penng, se pòv y'ap vin pi pòv.
Isaiah 32:8Men, bon moun, se toujou sa ki byen l'ap chache fè, li p'ap janm fè anyen ki pa sa.
Matthew 25:40Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m' yo, se pou mwen nou te fè li.