Deuteronomy 15:4
Konsa, p'ap gen moun pòv nan mitan nou, paske Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan peyi l'ap ban nou pou byen eritaj nou an, nan peyi nou pral pran pou nou an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 3:18Menm lè sa a tou, mwen ba yo lòd sa yo: Seyè a, Bondye nou an, te ban nou peyi sa a pou nou rete! Koulye a, se pou tout gason ki gen laj pou fè lagè pran zam yo. Se pou yo janbe lòt bò larivyè Jouden an pran devan moun lòt branch fanmi nou yo.
Deuteronomy 14:29Moun Lèvi yo ki pa gen anyen ki rele yo pa yo va vini, y'a pran sa yo bezwen. Konsa tou, moun lòt nasyon yo, timoun ki pèdi papa yo, fanm vèv yo va vini, y'a pran sa yo bezwen. Se konsa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tou sa n'ap fè.
Deuteronomy 28:11Seyè a va kouvri nou ak benediksyon, l'a ban nou anpil pitit, anpil bèt ak anpil rekòt nan peyi Seyè a te pwomèt zansèt nou yo l'ap ban nou an.
Proverbs 14:21Se yon peche ou fè lè ou meprize frè parèy ou. Men, ala bon sa bon pou moun ki gen pitye pou pòv malere!
Isaiah 58:10si nou manje ak moun ki grangou, si nou plen vant moun ki nan nesesite, limyè va klere pou nou nan mitan fènwa. Lannwit va fè klè pou nou tankou gwo midi.