Deuteronomy 15:6
Wi, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou, jan li te pwomèt nou an, konsa n'a gen lajan pou prete anpil lòt nasyon. Men, nou menm nou p'ap janm bezwen prete nan men pesonn. N'a donminen sou anpil lòt pèp. Men, yo yonn p'ap gen pye sou kou nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 28:12L'a rete nan syèl la, l'a louvri trezò li, l'a voye lapli sou peyi a lè sezon an va rive, l'a beni tout travay n'ap fè. N'a gen pou nou prete tout moun. Nou p'ap janm bezwen mande pesonn prete.
1 Kings 4:21Salomon te rive gouvènen tout nasyon nan zòn ki pran depi larivyè Lefrat rive nan peyi Filisti a ak fwontyè Lejip la. Yo tout te peye Salomon taks, yo tout te soumèt devan li pandan tout rèy li jouk li mouri.
1 Chronicles 17:27Tanpri, beni tout fanmi mwen apre mwen, pou yo ka toujou anba pwoteksyon ou. Wi, Seyè, se ou ki bay benediksyon. Se pou ou toujou voye benediksyon ou sou fanmi mwen.
Ezra 4:20Te gen gwo wa ki te konn gouvènen lavil Jerizalèm. Yon lè, yo te donminen sou tout teritwa ki lòt bò larivyè Lefrat la. Yo te konn fè moun peye yo taks, lajan kontribisyon ak lajan pou pèmèt yo pase sou chemen lakay yo.
Psalms 37:21Mechan an prete, li pa nan renmèt. Men, moun ki mache dwat yo gen kè sansib, yo fè kado.
Psalms 112:5Ala bon sa bon pou moun ki gen bon kè, pou moun ki konn prete moun, pou moun ki mennen trafik li san fè vis!