Deuteronomy 16:10
Apre sa, n'a fete Fèt Senmenn yo pou di Seyè a, Bondye nou an, mèsi. N'a pote ba li ofrann n'a vle dapre sa Seyè a va ban nou nan favè li.
Bib La
In The King James Version
In Context
9N'a konte sèt senmenn apre premye jou nou konmanse ranmase rekòt grenn nan jaden nou yo.
Cross References
Leviticus 5:7Men, si nonm lan pa ka bay yon mouton osinon yon kabrit, l'a pote yon pè toutrèl osinon yon pè pijon pou peye pou peche a. L'a ofri yo bay Seyè a, yonn pou yo touye pou peche a, lòt la pou yo boule nèt sou lotèl la.
Leviticus 23:15N'a konte sèt semèn antye, depi jou nou te pote premye makout rekòt la ofri bay Seyè a, apre jou repo a.
Numbers 28:26Konsa tou, premye jou fèt premye rekòt la, lè n'ap pote ofrann grenn nou fèk rekòlte yo bay Seyè a, n'a reyini tout moun pou yo vin fè sèvis pou Bondye. Jou sa a, pesonn p'ap gen dwa fè okenn gwo travay.
Numbers 31:37ak sisanswasannkenz (0675) ladan yo pou Seyè a,
1 Chronicles 29:14Men, kisa m' ye, kisa pèp mwen an ye menm, pou m' ta kapab ofri ou tout bagay sa yo ak tout kè nou? Se nan men ou tout bagay sa yo soti, se nan sa nou resevwa nan men ou n'ap ba ou.
Proverbs 3:9Fè wè jan ou gen respè pou Seyè a: ba li nan tou sa ou genyen, ofri l' premye donn ou rekòlte nan jaden ou.