Deuteronomy 16:14
N'a pran kont plezi nou, nou menm, pitit gason ak pitit fi nou yo, ansanm ak moun Levi yo ak moun lòt nasyon yo, timoun ki san papa ak fanm vèv ki rete nan lavil kote nou ye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 14:29Moun Lèvi yo ki pa gen anyen ki rele yo pa yo va vini, y'a pran sa yo bezwen. Konsa tou, moun lòt nasyon yo, timoun ki pèdi papa yo, fanm vèv yo va vini, y'a pran sa yo bezwen. Se konsa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tou sa n'ap fè.
Deuteronomy 26:11Lèfini, li menm ak tout moun lakay li, l'a fè fèt pou tout bon bagay sa yo Seyè a te ba li. L'a fè moun Levi yo ansanm ak moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo fete ansanm ak li tou.
Esther 9:22Se jou sa yo jwif yo te fè lènmi yo ba yo lapè. Se mwa sa a sitiyasyon an te chanje pou yo: yo te sispann gen lapenn, kè yo te kontan. Yo pa t' dekouraje, yo t'ap fè fèt. Se pou yo te make jou sa yo tankou jou pou fè fèt ak gwo resepsyon. Jou sa a, se pou yo voye kado yonn bay lòt, se pou yo bay pòv yo kado tou.
Isaiah 12:1Jou sa a, w'a pran chante: -M'ap fè lwanj ou, Seyè! Ou te move sou mwen. Men koulye a, ou pa fache ankò. W'ap ban m' kouraj.
Isaiah 30:29Men, nou menm pèp Bondye a, nou pral chante, nou pral fè fèt tankou nou fè l' lavèy jou fèt nou. Nou pral kontan tankou moun k'ap jwe fif lè yo sou wout pou ale sou mòn Seyè a, Bondye k'ap defann pèp Izrayèl la.
Joel 1:16N'ap gade konsa, rekòt nou yo ap disparèt devan je nou san nou pa ka fè anyen! Pa gen kè kontan, pa gen fèt nan kay Bondye nou an!