Deuteronomy 16:15
Pandan sèt jou, n'a fè fèt pou Seyè a, Bondye nou an, kote li menm li te chwazi a, paske Seyè a, Bondye nou an, te beni nou nan tout rekòt nou yo, ak nan tout travay nou yo pou nou te ka kontan nèt ale.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 23:36Chak jou, pandan sèt jou, n'a boule ofrann nan dife pou Seyè a. Sou wityèm jou a, n'a reyini moun yo ankò pou adore Bondye, epi n'a boule ofrann nan dife pou Seyè a. Se va yon jou pou adore Bondye. Jou sa a, piga nou fè gwo travay.
Deuteronomy 7:13L'a renmen nou, l'a beni nou, l'a fè nou peple. L'a ban nou anpil pitit. L'a voye benediksyon sou jaden nou, n'a gen anpil manje, anpil diven ak anpil lwil. Bèf nou yo va bay anpil pòte, mouton nou yo va fè anpil pitit. L'a fè tou sa pou nou nan peyi li te pwomèt zansèt nou yo l'ap ban nou an.
Deuteronomy 16:10Apre sa, n'a fete Fèt Senmenn yo pou di Seyè a, Bondye nou an, mèsi. N'a pote ba li ofrann n'a vle dapre sa Seyè a va ban nou nan favè li.
Deuteronomy 30:16Sa m'ap mande nou jòdi a, se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an, se pou nou viv jan li vle l' la, se pou nou fè tou sa li mande nou fè nan kòmandman li yo, nan lòd li yo ak nan regleman li yo. Konsa, n'a gen lavi, n'a gen anpil pitit. Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan peyi nou pral pran pou rele nou pa nou an.
Esther 9:22Se jou sa yo jwif yo te fè lènmi yo ba yo lapè. Se mwa sa a sitiyasyon an te chanje pou yo: yo te sispann gen lapenn, kè yo te kontan. Yo pa t' dekouraje, yo t'ap fè fèt. Se pou yo te make jou sa yo tankou jou pou fè fèt ak gwo resepsyon. Jou sa a, se pou yo voye kado yonn bay lòt, se pou yo bay pòv yo kado tou.