Deuteronomy 16:18
N'a mete jij ak majistra nan chak lavil Seyè a, Bondye nou an, va ban nou pou dirije tout branch fanmi nou yo. Y'a fè travay yo san patipri.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Men, yo chak va bay kichòy, dapre benediksyon Seyè a, Bondye nou an, va ba yo.
Cross References
Exodus 18:21Men, w'a chwazi nan mitan pèp la kèk moun ki kapab, moun ki gen krentif pou Bondye. Fòk se moun ou ka konte sou yo, moun ki p'ap kite lajan pran nanm yo. W'a mete yo chèf pou dirije pèp la, chèf sou mil moun, chèf sou san moun, chèf sou senkant moun ak chèf sou dis moun.
Exodus 21:6enben, lè sa a, mèt la va mennen l' devan Bondye. L'a fè l' pwoche bò pòt la, osinon bò chanbrann pòt la, l'a pèse zòrèy li ak yon bagay pwenti. Konsa esklav la va rete ap sèvi li jouk li mouri.
Deuteronomy 1:15Se konsa mwen pran nan chak branch fanmi nou yo moun ki gen lespri, moun ki konn lavi, mwen mete yo chèf pou dirije nou. Genyen mwen mete chèf sou mil gason, dòt sou san gason, dòt sou senkant gason, dòt ankò sou dis gason. Mwen te chwazi lòt chèf tou pou chak branch fanmi.
Deuteronomy 17:9n' aval jwenn prèt yo, moun Lèvi yo, ak jij ki de sèvis lè sa a, n'a espoze ka a ba yo. Yo menm y'a di nou ki jan pou nou rann jijman an.
Deuteronomy 19:17de moun ki nan pwose yo va prezante ansanm devan lòtèl Seyè a, devan prèt yo ak jij yo ki desèvis lè sa a.
Deuteronomy 25:1Lè yon kont pete nan mitan nou, moun ki gen kont yo va ale lajistis pou yo jije ka a. Y'a bay sa ki gen rezon an rezon, sa ki gen tò a tò.