Deuteronomy 17:14
Lè n'a fin antre nan peyi Seyè a, Bondye nou an, va ban nou an, lè n'a fin pran tout peyi a pou nou rete ladann l', si lide ta vin nan tèt nou pou nou di: Nou ta renmen gen yon wa pou gouvènen nou tankou tout lòt nasyon k'ap viv nan peyi ki sou fwontyè nou yo,
Bib La
In The King James Version
In Context
13Konsa tou, lè tout pèp la va konn sa, y'a pè, yo p'ap pran pòz grandizè yo ankò.
Cross References
Deuteronomy 7:1Seyè a, Bondye nou an, pral fè nou antre nan peyi nou pral pran pou nou an. Li pral fè sèt nasyon ki gen plis moun pase nou, ki pi fò pase nou, kouri met deyò devan nou, ki vle di moun Et yo, moun Gigach yo, moun Amori yo, moun Kanaran yo, moun Perèz yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo.
Deuteronomy 12:9paske nou poko antre nan peyi Seyè a, Bondye sou an, ap ban nou pou nou rete ak kè poze.
Deuteronomy 26:1Lè n'a rive nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ban nou pou rele nou pa nou an, lè n'a fin pran tout peyi a pou nou pou nou rete ladan l',
Joshua 1:13-Chonje lòd Moyiz, sèvitè Seyè a, te ban nou lè li te di nou: Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou tè bò isit la pou nou tabli, pou nou viv ak kè poze.
1 Samuel 8:19Pèp la te derefize koute Samyèl. Yo t'ap di: -Non! Se yon wa nou vle pou gouvènen nou,
1 Samuel 12:19Yo tout di Samyèl konsa: -Tanpri, mèt, lapriyè Seyè a, Bondye ou la, pou nou pa mouri. Paske nou mete sou peche nou te fè deja yo, lè nou te mande yon wa pou gouvènen nou.