Deuteronomy 17:5
lè sa a, n'a fè yo pran moun ki te fè move bagay sa a, fanm ou gason, y'a mennen l' lòt bò pòtay lavil la, y'a kalonnen l' wòch jouk li mouri.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 22:19Se pou yo touye tout moun ki kwaze ak zannimo.
Leviticus 24:14-Mennen nonm lan lòt bò limit kan an. Fè tout moun ki te tande l' lè li t'ap derespekte Bondye a mete men yo sou tèt li. Konsa, y'a ba l' pote reskonsablite sa l' fè a, epi tout pèp la va kalonnen msye wòch jouk li mouri.
Deuteronomy 13:10N'a kalonnen l' wòch jouk li mouri, paske li te vle fè nou vire do bay Seyè a, Bondye nou an, li menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip kote nou te nan esklavaj la.
Deuteronomy 22:21y'a pran ti madanm lan, y'a mennen l' deyò devan lakay papa l', epi tout gason ki rete nan lavil la va kalonnen l' wòch jouk li mouri, paske li te fè yon wont nan peyi Izrayèl la, li te lage kò l' nan dezòd antan li te lakay papa l'. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou.
Joshua 7:25Epi Jozye di Akan konsa: -Poukisa ou rale tout malè sa a sou tèt nou? Jòdi a, Seyè a pral fè malè tonbe sou ou! Epi tout moun pèp Izrayèl yo pran wòch, yo kalonnen yo jouk yo touye yo. Yo boule tout bagay yo nan dife. Yo touye tout fanmi l' yo ak bèt li yo ak koutwòch.
Job 31:28Sa a tou, yo ta mèt touye m' si m' ta fè l', paske mwen ta nye Bondye ki gen tout pouvwa a.