Deuteronomy 18:10
Piga pesonn nan nou pran pitit gason osinon pitit fi li pou li boule nan dife pou zidòl. Piga gen pesonn nan mitan nou k'ap fè divinò, k'ap etidye zetwal nan syèl la pou konnen sa ki gen pou rive, k'ap pran pwen, k'ap fè maji.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 22:17Men, si papa jenn fi a refize kite l' marye avè l', tout jan se pou msye peye lajan yo bay lè yo pral marye ak yon fi ki tifi.
Leviticus 18:21Piga ou janm bay yonn nan pitit fi ou yo tankou ofrann pou yo boule bay zidòl yo rele Molòk la, paske lè sa a w'a fè yo derespekte non Bondye. Se mwen menm ki Seyè a.
Leviticus 19:31Piga n' al konsilte moun k'ap rele mò nan tab tounant osinon moun k'ap fè divinò. Si nou fè sa, n'ap tounen tankou moun sa yo, nou p'ap nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!
Leviticus 20:26Se pou nou viv apa pou mwen, paske mwen menm se yon Bondye apa mwen ye. Mwen menm Seyè a, mwen mete nou apa nan mitan tout lòt pèp yo pou nou ka pou mwen nèt.
1 Samuel 28:3Samyèl te deja mouri lè sa a, tout pèp Izrayèl la te kriye kont kriye yo pou li. Apre sa, yo antere l' lavil Rama kote li te moun. Sayil te mete tout divinò deyò nan peyi a ansanm ak tout moun ki konn rele mò pou pale ak yo.
1 Samuel 28:9Men, fanm lan di l': -Ou konnen sa wa Sayil te fè a pa vre? Li te mete tout divinò ak tout moun k'ap pale ak mò deyò nan peyi a wi. Poukisa atò w'ap seye pran m' nan plan pou fè yo touye m'?