Deuteronomy 18:15
Moyiz di pèp la konsa: -Seyè a, Bondye nou an, gen pou l' voye yon pwofèt ban nou tankou l' te voye m' lan. Se va yonn nan nou, yon moun pèp Izrayèl parèy nou. Se pou nou koute tou sa l'a di nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 12:8Mwen pale avè l' aklè, mwen pa ba li parabòl. Mwen fè l' wè mwen. Ki jan nou fè penmèt nou pale Moyiz, sèvitè m' lan, mal?
Deuteronomy 18:18M'a chwazi yonn nan yo pou pwofèt, m'a voye l' ba yo tankou mwen te voye ou la. M'a mete pawòl mwen nan bouch li. Epi l'a di pèp la tou sa m'a ba li lòd di yo.
Hosea 12:14Men, pèp Efrayim lan te fè bagay ki te fè Seyè a fache anpil. Se poutèt sa, l'ap fè yo peye krim yo fè a. L'ap fè yo peye wont yo te fè l' wont la.
Luke 2:32Se yon limyè ki pou fè tout pèp yo konnen ou; se va yon lwanj pou Izrayèl pèp ou a.
Luke 10:16Li di disip li yo ankò: Moun ki koute nou, se mwen menm yo koute. Moun ki repouse nou, se mwen menm yo repouse. Moun ki repouse m', se moun ki voye m' lan yo repouse.
John 1:21Yo mande li: Ki moun ou ye atò? Ou se Eli? Jan reponn yo: Non, mwen pa Eli. Yo di li: Ou se pwofèt la? Li reponn yo: Non.