Deuteronomy 2:21
Yo te bèl wotè tankou moun Anak yo. Yo te anpil, yo te barak gason. Men, Seyè a te touye yo pou moun Amon yo te ka pran peyi a nan men yo, pou yo te ka rete yo menm ladan l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 1:28Kote nou prale koulye a? Moun nou te voye yo dekouraje nou. Yo di nou moun ki nan peyi sa a pi fò pase nou, yo pi bèl wotè pase nou. Lavil yo gran anpil ak gwo ranpa byen wo ki rive jouk nan syèl la. Nou te menm wè kèk moun ras Anak yo la tou.
Deuteronomy 2:22Se menm bagay Seyè a te fè pou moun fanmi Ezaou yo ki rete nan peyi Seyi a. Li touye orit yo pou moun Ezaou yo te ka pran peyi a nan men yo, pou yo te ka rete yo menm ladan l'.
Judges 11:24Koulye a, ou ta vle reprann tè a nan men Seyè a? Eske ou pa kenbe pou ou tou sa Kemòch, bondye ou la, ba ou? Epi ou ta vle pou nou pa kenbe sa Seyè a, Bondye nou an, ban nou?
Habakkuk 1:10Y'ap pase wa yo nan betiz. Y'ap pase chèf yo nan rizib. Pa gen fò ki ka rete yo. Yo annik anpile tè bò miray yo, lèfini yo moute pran yo.