The Bible Software
bible.software › Deuteronomy › Deuteronomy 2 › Deuteronomy 2:37

Deuteronomy 2:37

Men nou pa t' pwoche bò peyi moun Amon yo, ni bò zòn larivyè Jabòk la, ni bò lavil ki nan mòn yo, ni bò ankenn kote Seyè a te ban nou lòd pa atake.

Bib La

In The King James Version

Only unto the land of the children of Ammon thou camest not, nor unto any place of the river Jabbok, nor unto the cities in the mountains, nor unto whatsoever the LORD our God forbad us.

In Context

36Depi lavil Awoyè ki anwo bò falèz ki bay sou ravin Anon an ak lavil ki nan fon an, jouk lavil Galarad la, pa t' gen yon lavil ki te ka kenbe tèt ak nou. Seyè a, Bondye nou an, te lage yo tout nan men nou.

Read all of Deuteronomy 2

Cross References

Genesis 32:22Menm jou lannwit sa a, Jakòb leve, li pran de madanm li yo, de sèvant li yo ak onz pitit gason li yo, li janbe lòt bò larivyè Jabòk, nan pas la.

Deuteronomy 2:5Pa chache yo kont, paske mwen p'ap ban nou ata yon pous tè nan peyi yo a. Se mwen menm ki bay moun fanmi Ezaou yo tout mòn Seyi a nèt pou yo rete.

Deuteronomy 2:19Ou pral tonbe bab pou bab ak moun Amori yo. Pa chache yo kont. Pa al goumen ak yo paske mwen p'ap ba ou anyen nan peyi Amon an. Se pitit pitit Lòt yo ye; se mwen menm ki ba yo peyi sa a pou yo rete.

Joshua 12:2Men wa yo te kraze yo: Se te Siyon, wa moun Amori yo, ki te rete lavil Esbon. Peyi li t'ap gouvènen an te pran depi nan fon ravin Anon an moute Awoyè ki sou bò ravin lan, rive larivyè Jabòk sou fwontyè moun Amon yo, ki vle di mwatye nan peyi Galarad la.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Deuteronomy 2:37

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Deuteronomy 2:36Deuteronomy 2