Deuteronomy 20:11
Si yo dakò, si yo louvri pòtay lavil la ban nou, tout moun nan lavil la va travay fè kòve pou nou, y'a tounen esklav nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
12Men, si yo refize fè lapè ak nou epi yo mande goumen, n'a sènen lavil la toupatou epi n'a atake l'.
Cross References
Joshua 9:9Yo reponn li: -Mèt, nou soti nan yon peyi byen lwen, paske nou tande pale ki moun Seyè a, Bondye ou la, ye. Nou pran nouvèl tou sa li fè nan peyi Lejip,
Joshua 9:27Depi jou sa a, Jozye mete yo la pou fann bwa, pou bwote dlo pou pèp Izrayèl la ak pou lotèl Seyè a. Jouk jòdi a, se sa y'ap fè tout kote Seyè a chwazi pou yo adore l' la.
Joshua 16:10Men yo pa t' rive mete moun Kanaran ki te rete lavil Gezè yo deyò. Se konsa, jouk jòdi a moun Kanaran yo ap viv nan mitan moun Efrayim yo. Men, yo te fòse moun Kanaran yo fè kòve pou yo.
Judges 1:30Moun branch fanmi Zabilon yo pa t' mete moun Kanaran yo deyò nan lavil Kitwon ak nan lavil Naalòl. Moun Kanaran yo te rete viv ansanm ak yo, men yo te blije travay pou moun Zabilon yo.
1 Kings 9:21Lè moun Izrayèl yo te fin pran peyi Kanaran an pou yo, gen anpil nan moun ansyen mèt peyi a yo pa t' touye pou Bondye. Yo te kite yo rete nan peyi a. Se pitit moun sa yo Salomon te pran sèvi esklav pou fè kòve. Se sa k'ap fèt jouk jounen jòdi a.
Luke 19:14Men, pwòp moun peyi l' yo te rayi li. Yo voye kèk mesaje dèyè l' pou di: Nou pa vle nonm sa a pou wa nou.