Deuteronomy 20:14
Men, n'a pran tout fanm yo, tout pitit yo, tout bèt yo ak tou sa ki nan lavil la, ak tout byen lènmi yo va kite pou nou. N'a manje tou sa n'a pran nan men lènmi nou yo paske se Seyè a menm ki ban nou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Seyè a, Bondye nou an, va lage l' nan men nou. Epi n'a touye dènye gason ki nan lavil la.
15Se konsa n'a fè sa pou tout lavil ki byen lwen nou, andeyò limit peyi Seyè a ban nou pou nou rete a.
Cross References
Numbers 31:12yo mennen yo bay Moyiz ansanm ak Eleaza, prèt la, ak tout moun pèp Izrayèl yo ki te nan kan an, nan plenn Moab yo, lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko.
Numbers 31:35tranndemil (032.000) jenn fi ki poko janm kouche ak gason.
Deuteronomy 2:35Tansèlman, nou pran tout bèt yo pou nou epi nou piye tout lavil nou te pran yo.
Joshua 11:14Moun pèp Izrayèl yo pran tout bagay ak tout bèt yo te jwenn nan lavil yo. Men, yo touye tout moun, yo pa kite yonn chape.
2 Chronicles 14:13Men Asa ak sòlda li yo kouri dèyè yo jouk lavil Gera. Yo touye sòlda lame Letiopi yo, yo pa kite yonn ladan yo chape. Seyè a te kraze yo tout ak lame li a. Lame a pran yon pakèt bagay lènmi yo te kite.
Psalms 68:12(068:13-)Wa yo kouri, yo kouri ansanm ak tout lame yo. Moun yo te kite pou veye kay separe tout sa lènmi yo kite dèyè.