Deuteronomy 20:18
Se pou nou disparèt yo pou yo pa fè nou tonbe nan peche kont Seyè a, Bondye nou an, pou yo pa moutre nou fè tout vye bagay lèd y'ap fè pou bondye pa yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 23:33Se pa pou yo rete nan peyi nou an, pou yo pa ankouraje nou fè peche kont mwen. Si nou sèvi bondye moun sa yo, sa ka yon malè pou nou.
Deuteronomy 7:4Paske y'a pran tèt pitit gason nou yo, y'a fè yo vire do ban mwen pou y' al sèvi lòt bondye. Si nou fè sa, Bondye va fache sou nou, l'a disparèt nou la pou la.
Deuteronomy 12:31Se pa konsa pou n' aji ak Seyè a, Bondye nou an. Paske, Seyè a pa ka sipòte tout vye sèvis y'ap fè pou bondye sa yo. Yo menm rive pran pwòp pitit gason ak pitit fi yo pou yo boule nan dife pou bondye yo!
Deuteronomy 18:19Si yon moun pa koute sa pwofèt la ap di yo nan non mwen, se avè m' menm l'ap an afè. Se mwen menm menm la gen pou l' rann kont.
Judges 2:3Se poutèt sa m'ap di nou: Mwen p'ap mete yo deyò devan nou. Y'ap rete la bò kote nou, bondye yo ap tounen yon pèlen pou nou.
1 Corinthians 15:33Piga nou twonpe tèt nou: move zanmi gate bon levasyon.