The Bible Software
bible.software › Deuteronomy › Deuteronomy 23 › Deuteronomy 23:20

Deuteronomy 23:20

Nou gen dwa egzije yon moun lòt nasyon pou l' peye nou enterè sou sa nou prete l'. Men, nou pa ka fè yon moun pèp Izrayèl parèy nou sa. Se konsa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tou sa nou pral fè nan peyi Bondye pral ban nou pou rele nou pa nou.

Bib La

In The King James Version

Unto a stranger thou mayest lend upon usury; but unto thy brother thou shalt not lend upon usury: that the LORD thy God may bless thee in all that thou settest thine hand to in the land whither thou goest to possess it.

In Context

19Piga nou janm fè yon moun pèp Izrayèl parèy nou peye enterè lè nou prete l' lajan, osinon manje, osinon nenpòt lòt bagay.

21Lè yonn nan nou pwomèt Seyè a n'ap fè kichòy pou li, pa kite twòp tan pase anvan nou kenbe pwomès la, paske Seyè a, Bondye nou an, p'ap manke mande nou kont. Lè sa a, n'a gen yon peche sou konsyans nou.

Read all of Deuteronomy 23

Cross References

Exodus 22:24m'a fache, m'a fè nou mouri nan lagè. Konsa, madanm nou yo ap vin vèv tou, pitit nou yo ap rete san papa tou.

Deuteronomy 14:21Piga nou janm manje ankenn bèt nou jwenn tou mouri, paske nou menm se yon pèp k'ap viv apa pou Seyè a, Bondye nou an, nou ye. Men, nou ka pran vyann lan pou nou bay osinon pou nou vann moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou ou ankò ki depasaj lakay nou. Piga nou janm kwit yon jenn ti kabrit nan lèt manman l'.

Deuteronomy 15:10Non. Se pou nou prete l' epi lè n'ap prete l', se pou ou fè l' ak tout kè ou. Konsa, poutèt sa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tout travay nou, nan tou sa n'ap fè.

Psalms 15:5Li prete moun san mande enterè. Li p'ap pran lajan anba pou l' bay manti sou moun ki inonsan. Moun ki fè bagay sa yo p'ap janm tonbe!

Isaiah 1:19Si nou dakò pou nou fè sa mwen di nou fè, n'a manje bèl rekòt peyi a va bay.

Luke 14:14Konsa, se va yon benediksyon, paske yo p'ap kapab rann ou laparèy. Se Bondye ki va renmèt ou sa lè tout moun ki fè byen yo va leve soti vivan nan lanmò.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Deuteronomy 23:20

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Deuteronomy 23:19Deuteronomy 23Deuteronomy 23:21 →