Deuteronomy 24:1
Si yon nonm marye ak yon fanm epi rive yon lè fanm lan pa fè l' plezi ankò, paske li dekouvri nan fanm lan yon bagay ki pa byen, l'a ekri yon papye divòs bay fanm lan, epi l'a voye l' tounen lakay papa l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Apre sa, si fanm lan kite kay papa l', l' al marye ak yon lòt gason,
Cross References
Exodus 21:10Si li pran yon lòt madanm sou li, li pa gen dwa wete anyen sou sa li dwe l': ni sou manje l', ni sou rad li, epi se pou l' toujou sevi ak li tankou madanm li.
Deuteronomy 22:13Sipoze yon nonm pran yon fanm pou madanm li, li kouche avè l', epi apre sa, li vin pa renmen l' ankò.
Deuteronomy 22:29nèg ki te kouche avèk fi a va gen pou l' bay papa fi a senkant pyès ajan. Li va pran fi a pou madanm li, paske li te fòse l' kouche avè l'. Li p'ap janm ka divòse avè l' jouk li mouri.
Isaiah 50:1Men sa Seyè a di ankò: -Si m' te voye manman nou tounen lakay li, kote papye divòs mwen te ba li? Ki moun mwen te dwe lajan pou m' ta vann nou ba li tankou esklav? Se poutèt mechanste nou yo mwen te vann nou. Se poutèt peche nou yo mwen te voye manman nou tounen lakay li.
Jeremiah 3:8Li wè mwen te divòse ak Izrayèl, mwen te voye l' al lakay li paske li te vire do ban mwen, paske li te lage kò l' nan fè jennès sou mwen. Men, Jida, sè Izrayèl la ki pa t' kenbe pawòl li avè m', pa t' pè. Li menm tou, li al lage kò l' nan jennès.
Matthew 1:19Jozèf, fiyanse l' la, te yon nonm debyen. Li pa t' vle fè eskandal ak sa. Li te vle kase fiyansaj la san bri san kont.