Deuteronomy 24:13
Se pou nou tounen l' ba li lè solèy kouche, pou l' ka mete l' sou li lè l'ap dòmi. L'a genyen nou rekonesans, epi nou menm nou va fè yon bon zèv devan Seyè a, Bondye nou an.
Bib La
In The King James Version
In Context
12Si se yon nonm ki pòv, pa kite rad li ban nou pou garanti a pase nwit lakay nou.
Cross References
Exodus 22:25Si nou prete yonn nan frè parèy nou yo lajan, yonn nan pòv ki nan mitan nou yo, piga nou fè tankou moun k'ap bay ponya pou nou egzije l' peye enterè.
Deuteronomy 6:25Si nou vle fè Bondye plezi, se pou nou fè atansyon pou nou swiv tout kòmandman sa yo nèt, se pou nou mache devan Seyè a, Bondye nou an, jan li te mande nou an.
Deuteronomy 24:15Peye l' lajan l' chak jou, anvan solèy kouche, paske li pòv, li bezwen lajan an pou l' viv. Konsa, li p'ap bezwen rele Seyè a pou nou. Men, si sa rive, se nou menm k'ap antò.
Job 29:11Tout moun ki te wè m' t'ap mache fè lwanj mwen, tout moun ki te tande m' te kontan avè m'.
Job 31:16Mwen pa janm refize ede yon pòv. Ni mwen pa janm kite vèv yo nan nesesite.
Psalms 112:9Li bay moun ki nan nesesite san gad dèyè. L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye. L'ap gen pouvwa, y'ap respekte l'.