Deuteronomy 24:16
Nou pa gen dwa touye yon papa pou krim pitit li fè. Ni nou pa gen dwa touye yon pitit pou krim papa l' te fè. Y'a touye yon moun pou krim li menm li fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 14:5Lè Amasya santi li byen chita sou pouvwa a, li fè touye tout chèf nan lame a ki te touye papa l'.
2 Chronicles 25:4Men li pa t' manyen pitit ansasen sa yo, paske dapre sa ki ekri nan Liv lalwa Moyiz la, Bondye te bay lòd sa a: Nou pa gen dwa touye yon papa pou krim pitit li fè. Ni nou pa gen dwa touye yon pitit pou krim papa l' te fè. Y'a touye yon moun pou krim li menm li fè.
Jeremiah 31:30Moun ki manje rezen vèt la, se li menm ki va gen dan gasi. Chak moun va mouri pou sa li fè ki mal.
Ezekiel 18:20Moun ki fè peche, se yo k'ap mouri. Yon pitit p'ap peye pou peche papa l' te fè, ni yon papa p'ap peye pou peche pitit li fè. Moun ki mache dwat va jwenn rekonpans pou dwat yo te mache dwat la. Mechan an va peye pou mechanste li fè a.