Deuteronomy 25:19
Se poutèt sa, lè Seyè a, Bondye nou an, va ban nou lapè ak tout lènmi sa yo ki antoure nou toupatou nan peyi l'ap ban nou pou rele nou pa nou an, se pou nou touye tout moun Amalèk yo pou pesonn sou latè pa janm chonje yo ankò. Pa bliye sa!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 17:14Apre sa, Seyè a di Moyiz: -Ekri sa nan liv rejis la pou moun yo pa janm bliye batay sa a. W'a di Jozye konsa m'ap efase non Amalèk sou latè pou yo pa janm chonje l' ankò.
Deuteronomy 3:18Menm lè sa a tou, mwen ba yo lòd sa yo: Seyè a, Bondye nou an, te ban nou peyi sa a pou nou rete! Koulye a, se pou tout gason ki gen laj pou fè lagè pran zam yo. Se pou yo janbe lòt bò larivyè Jouden an pran devan moun lòt branch fanmi nou yo.
Deuteronomy 21:23pa janm kite kadav la pase nwit sou pyebwa a. Se pou nou antere l' menm jou a, paske yon kadav pann nan yon pyebwa se bagay ki pa fè Bondye plezi. Se konsa nou p'ap kite yo fè ankenn vye bagay ki pou fè Seyè a, Bondye nou an, vire do ban nou nan peyi Seyè a pral ban nou pou nou rete a.
Joshua 7:12Se poutèt sa, pèp Izrayèl la p'ap ka kanpe devan lènmi l' yo. Yo gen pou yo kouri devan lènmi yo, paske koulye a se yo menm ki gen pou mouri. Mwen p'ap kanpe la avèk yo ankò, si bagay mwen te ban nou lòd pa pran an nou pa wete l' nan mitan nou pou nou detwi l' tou.
Joshua 23:1Depi lontan Seyè a te fin bay moun pèp Izrayèl yo lapè nan mitan tout lènmi l' yo. Jozye bò pa l' te fin granmoun. Li te gen anpil laj sou tèt li.
1 Samuel 15:1Samyèl di Sayil: -Se mwen menm Seyè a te voye pou vide lwil sou tèt ou pou ou te ka wa sou pèp Izrayèl la. Koulye a, koute pawòl Seyè a.