Deuteronomy 26:11
Lèfini, li menm ak tout moun lakay li, l'a fè fèt pou tout bon bagay sa yo Seyè a te ba li. L'a fè moun Levi yo ansanm ak moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo fete ansanm ak li tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 12:12Lè sa a, n'a fè fèt devan Seyè a, Bondye nou an, ansanm avèk pitit gason nou yo, pitit fi nou yo, gason ak fanm k'ap travay lakay nou yo ak moun Levi k'ap viv nan mitan nou yo, paske moun Levi yo pa gen ankenn pòsyon tè ki rele yo pa yo menm jan ak nou nan peyi a.
Deuteronomy 16:11N'a fè fèt devan Seyè a, Bondye nou an, kote li te chwazi pou fè sèvis pou li a, nou menm, pitit gason ak pitit fi nou yo, domestik nou yo, fanm kou gason, ansanm ak moun Levi yo ak moun lòt nasyon yo, timoun ki san papa ak fanm vèv k'ap viv ansanm ak nou nan lavil kote nou rete a.
Psalms 63:3(063:4) renmen ou gen pou nou an pi bon pase lavi. Se poutèt sa m'ap fè lwanj ou.
Isaiah 65:14Sèvitè m' yo va fè fèt tèlman y'a kontan, men nou menm n'a plenn, n'a gen kè sere, n'a rele, kè nou va kase.
Acts 2:46Toulejou, yo tout reyini ansanm nan tanp lan; yo te konn separe pen an bay tout moun nan kay yo, yo te manje ansanm avèk kè kontan san okenn pretansyon.
Philippians 4:4Se pou nou toujou kontan nan lavi n'ap mennen ansanm nan Seyè a. M'ap repete l' ankò: Fè kè nou kontan anpil.