The Bible Software
bible.software › Deuteronomy › Deuteronomy 26 › Deuteronomy 26:12

Deuteronomy 26:12

Chak twazan n'a bay ladim, ki vle di yon dizyèm tout bagay nou rekòlte. N'a ranmase sa n'ap bay la, n'a mache nan tout lavil nou yo, n'a bay prèt yo, moun lòt nasyon yo, timoun san papa yo ak vèv yo, pou yo tout ka manje plen vant yo.

Bib La

In The King James Version

When thou hast made an end of tithing all the tithes of thine increase the third year, which is the year of tithing, and hast given it unto the Levite, the stranger, the fatherless, and the widow, that they may eat within thy gates, and be filled;

In Context

11Lèfini, li menm ak tout moun lakay li, l'a fè fèt pou tout bon bagay sa yo Seyè a te ba li. L'a fè moun Levi yo ansanm ak moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo fete ansanm ak li tou.

13Lèfini, n'a parèt devan lòtèl Seyè a, Bondye nou an, n'a di l': -Mwen pa kite lakay mwen anyen nan sa mwen fèt pou mete apa pou ou. Mwen mache bay prèt yo, moun lòt nasyon yo, timoun san papa ak vèv yo, dapre lòd ou te ban mwen. Mwen fè tou sa ou te mande m' fè sou keksyon sa a. Mwen pa bliye anyen nan tou sa ou di m'.

Read all of Deuteronomy 26

Cross References

Genesis 47:24Lè sezon rekòt la va rive, n'a bay farawon an yon senkyèm (01/5) nan tou sa nou rekòlte. Rès la va pou nou, pou nou plante nan jaden nou yo, pou nou manje nou menm ansanm ak pitit nou yo ak tout moun ki lakay nou.

Leviticus 27:30N'a mete dis pou san (010%) nan tout rekòt jaden nou apa pou Seyè a, li te mèt rekòt jaden nou fè nou menm, osinon rekòt pyebwa ki donnen nan jaden nou. Se pou Seyè a dis pou san sa yo ye.

Deuteronomy 12:17Nan tout lavil kote nou rete, nou p'ap gen dwa manje ladim ble, ladim diven osinon ladim lwil nou gen pou n' ofri bay Seyè a. Piga nou janm manje anyen nan sa n'ap ofri bay Seyè a: ki vle di premye pitit bèf nou yo, premye pitit kabrit osinon mouton nou yo, ou ankò kado nou ta pwomèt Seyè a pou nou ba li, kado nou leve konsa nou vle fè Seyè a, ni ankenn lòt ofrann nou pote bay Seyè a.

Deuteronomy 14:28Chak twazan, n'a pran ladim tout rekòt n'a fè nan lanne a, n'a mete yo nan pòtay lavil nou yo.

Proverbs 14:21Se yon peche ou fè lè ou meprize frè parèy ou. Men, ala bon sa bon pou moun ki gen pitye pou pòv malere!

Hebrews 7:5Dapre lalwa Moyiz, se nan ras Levi ase yo chwazi moun ki pou sèvi prèt. Prèt sa yo resevwa lòd pou yo mande pèp la yon dizyèm sou tout bagay, sa vle di, yo mande moun ki sitwayen menm peyi ak yo pou bay yon dizyèm nan tou sa yo genyen. Men, yo tout se pitit pitit Abraram yo ye.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Deuteronomy 26:12

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Deuteronomy 26:11Deuteronomy 26Deuteronomy 26:13 →