Deuteronomy 26:15
Rete nan syèl la, nan kay ki apa nèt pou ou a, voye je ou gade pèp ou a. Beni pèp Izrayèl la ansanm ak tè ou te ban nou an dapre pwomès ou te fè zansèt nou yo. Beni peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 6:3Koute byen sa m'ap di nou, nou menm pèp Izrayèl! Pa bliye yo. Fè tou sa mwen di nou fè. Se sa ki va fè nou viv ak kè kontan. Se sa ki va fè nou tounen yon gran nasyon nan bon peyi sa a, kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo, jan Seyè a, Bondye zansèt nou yo, te di l' la.
1 Kings 8:27Men, Bondye, èske ou ka rete tout bon sou latè? Ata syèl la pa laj ase pou l' kenbe ou. Ale wè pou ti kay mwen bati pou ou la a!
Psalms 28:9Seyè, sove pèp ou a non! Beni tout moun pa ou yo! Aji ak yo tankou yon bon gadò. Pran swen yo tout tan tout tan.
Psalms 80:15(080:16) vin sove pye rezen ou menm ou te plante a, ti pye rezen ou fè tounen yon gwo pyebwa a.
Psalms 102:19(0102:20) Seyè a rete anwo nan kay ki apa pou li a, li gade anba, li rete anwo nan syèl la, l'ap gade sou latè,
Psalms 115:12Seyè a p'ap janm bliye nou, l'ap ban nou benediksyon li. L'ap beni pèp Izrayèl la, l'ap beni prèt Bondye yo.