Deuteronomy 26:17
Jòdi a nou fè deklarasyon nou bay Seyè a: Nou di se li ki Bondye nou. Nou pwomèt pou nou toujou mache jan li vle l' la, pou nou fè tou sa ki nan lwa, nan lòd ak nan regleman li yo pou nou toujou koute sa l' di nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 15:2Seyè a, se tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m'. Se Bondye mwen li ye, m'ap fè lwanj li. Se Bondye zansèt mwen yo, m'ap di jan li gen pouvwa.
Exodus 20:19Yo di Moyiz konsa: -Pito se ou menm ki pale ak nou, n'a koute sa w'ap di. Men, si se Bondye ki pou pale avèk nou, n'a mouri.
Deuteronomy 5:2Seyè a, Bondye nou an, te siyen yon kontra ak nou sou Mòn Orèb la.
Deuteronomy 13:4Se Seyè a, Bondye nou an, pou nou swiv. Se li menm pou nou gen krentif. Se lòd li pou nou swiv. Se sa li di nou pou nou koute. Se li menm pou nou sèvi. Pa janm vire do ba li.
Deuteronomy 15:5Men, se pou nou toujou obeyi Seyè a, se pou nou swiv pwen pa pwen tout kòmandman m'ap ban nou jòdi a.
Deuteronomy 29:12nou vin pran angajman sou sèman pou nou asepte tout egzijans kontra Seyè a, Bondye nou an, ap pase ak nou jòdi a.