Deuteronomy 26:18
Jòdi a tou, Seyè a te asepte nou pou pèp li renmen anpil la, jan l' te fè nou pwomès la. Epi li pase nou lòd pou nou fè tou sa l'a mande nou fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 6:7M'ap adopte nou pou pèp mwen, mwen menm m'a Bondye nou. N'a konnen se mwen menm Seyè a, Bondye nou an, ki ban nou libète nou, ki wete nou nan travay di moun peyi Lejip yo ap fòse nou fè a.
Leviticus 20:26Se pou nou viv apa pou mwen, paske mwen menm se yon Bondye apa mwen ye. Mwen menm Seyè a, mwen mete nou apa nan mitan tout lòt pèp yo pou nou ka pou mwen nèt.
Deuteronomy 14:2Paske se yon pèp k'ap viv apa pou Seyè a, Bondye nou an nou ye. Se nou menm Seyè a te chwazi nan mitan tout pèp sou latè pou nou te tounen yon pèp ki rele l' pa li.
Deuteronomy 28:1Si nou koute Seyè a, Bondye nou an, si nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, Seyè a va fè nou tounen nasyon ki pi gran pase tout lòt nasyon ki sou latè.
2 Samuel 7:24Ou fè pèp Izrayèl la tounen pèp pa ou pou tout tan, ou menm ou tounen Bondye yo.
Psalms 135:4Se li menm ki te chwazi Jakòb pou moun pa l', se li menm ki te chwazi pèp Izrayèl la pou pèp li.