Deuteronomy 26:9
Apre sa, li mennen nou isit la, li ban nou bèl tè sa a, kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 6:3Koute byen sa m'ap di nou, nou menm pèp Izrayèl! Pa bliye yo. Fè tou sa mwen di nou fè. Se sa ki va fè nou viv ak kè kontan. Se sa ki va fè nou tounen yon gran nasyon nan bon peyi sa a, kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo, jan Seyè a, Bondye zansèt nou yo, te di l' la.
1 Samuel 7:12Lè sa a, Samyèl pran yon wòch, li mete l' ant lavil Mispa ak lavil Chenn. Li rele wòch la Ebenezè, paske li t'ap di: Jouk jòdi a se Seyè a ki pote nou sekou.
Psalms 107:7Li kondi yo sou yon chemen ki pou mennen yo dirèk dirèk nan yon vil kote moun rete.
Ezekiel 20:15Se konsa, mwen fè sèman nan dezè a mwen pa t'ap mennen yo nan peyi mwen te ba yo a, peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo, peyi ki pi bèl pase tout lòt peyi.