Deuteronomy 27:1
Lè sa a, Moyiz ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo bay pèp la lòd sa yo: -Se pou nou fè tou sa mwen mande nou fè jòdi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 4:1Apre sa, Moyiz di pèp la: -Koulye a, nou menm pèp Izrayèl, se pou nou kenbe tout lòd ak tout prensip mwen te moutre nou yo. Se pou nou mache dapre lòd sa yo pou nou ka viv, pou nou ka antre nan peyi Seyè a, Bondye zansèt nou yo, ap ban nou an.
Deuteronomy 11:32N'a fè atansyon pou nou kenbe tout lòd ak tout prensip mwen mete devan nou jòdi a.
1 Chronicles 28:8Koulye a, devan tout pèp Izrayèl la, pèp Bondye a ki sanble isit la, ak devan Bondye nou k'ap koute nou an, mwen mande pou nou kenbe tout kòmandman Seyè a, Bondye nou an, ban nou pou bèl peyi nou sa a toujou rete pou nou. Konsa, nou ka kite l' pou pitit nou yo jouk sa kaba.
John 15:14Nou tout, se zanmi m' nou ye depi nou fè sa m' mande nou fè.
James 2:10Paske, moun ki obsève tout lalwa a men ki dezobeyi yon sèl nan kòmandman yo, se tankou si l' te dezobeyi tout kòmandman yo.