Deuteronomy 27:20
-Madichon Bondye pou tout gason ki va kouche ak madanm papa l', paske se avili l'ap avili papa l'! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 35:22Antan Jakòb t'ap viv nan peyi sa a, Woubenn al kouche ak Bila, yonn nan fanm papa l' yo. Izrayèl vin konn sa, li te fache anpil. Jakòb te gen douz pitit gason.
Leviticus 18:8Piga ou jete dezonè sou papa ou pou ou kouche yonn nan fanm kay papa ou yo.
Deuteronomy 22:30Yon nonm pa gen dwa kouche ak madanm papa l'. Li pa gen dwa avili papa l' konsa.
2 Samuel 16:22Se konsa, yo moute yon tant pou Absalon sou teras sou do palè a. Epi la, devan tout moun peyi Izrayèl yo, Absalon kouche ak fanm kay papa l' yo.
Ezekiel 22:10Genyen k'ap kouche ak madanm papa yo. Genyen k'ap fòse madanm yo kouche ak yo atout yo gen règ yo.
1 Corinthians 5:1Toupatou y'ap fè kouri bri jan gen dezòd lachè k'ap fèt nan mitan nou. Dezòd la sitèlman wòd, ata moun lòt nasyon yo pa ta fè bagay konsa. Y'ap mache di gen yonn nan nou k'ap viv ak madanm papa li.