Deuteronomy 27:25
-Madichon Bondye pou moun ki asepte lajan pou touye yon inonsan! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!
Bib La
In The King James Version
Cursed be he that taketh reward to slay an innocent person. And all the people shall say, Amen.
In Context
Cross References
Exodus 23:7Evite fè manti sou moun pou akize yo. Moun inonsan ak moun ki nan dwa yo, piga nou fè touye yo, paske mwen p'ap padonnen moun ki fè bagay konsa.
Deuteronomy 16:19Piga yo fè ankenn lenjistis. Piga yo gade sou figi moun pou jije yo. Piga yo pran lajan anba nan men pesonn paske lajan konsa ka anpeche menm moun ki gen konprann wè klè, li ka fè nou kondannen moun inonsan.
Proverbs 1:11Si yo di ou: Vini ak nou non! Ann anbiske kò nou pou n' touye moun. Ann pare pèlen pou nou pran inonsan yo, san yo pa gen anyen ak nou.
Micah 3:10Se sou san moun n'ap bati lavil Siyon an. Se sou lenjistis n'ap bati lavil Jerizalèm.
Matthew 26:15Li di yo: Kisa n'a ban mwen si m' fè nou pran Jezi? Yo konte trant pyès lajan ba li.
Acts 1:18(Avèk lajan yon te ba l' pou krim lan, Jida te achte yon moso tè. Se la li tonbe sou tèt, vant li pete, tout zantray li gaye sot deyò.