Deuteronomy 28:32
N'a wè ak je nou y'ap pran pitit gason ak pitit fi nou yo bay moun lòt nasyon. Tout lè n'a anvi wè yo ankò, men p'ap gen anyen nou ka fè pou sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 21:29Sa pral rèd nèt pou nou, moun peyi Moab! Nou pèdi nèt, nou menm sèvitè Kemòch! Bondye nou an fè pitit gason nou yo kouri al kache. Li kite pitit fi nou yo tounen prizonye nan men Siyon, wa peyi Amori a.
Deuteronomy 28:41N'a fè pitit fi ak pitit gason, men yo p'ap pou nou, paske lènmi nou yo ap fè yo prizonye, y'ap depòte yo.
2 Chronicles 29:9Yo touye papa nou yo nan lagè. Yo fè madanm ak pitit nou yo prizonye.
Job 11:20Men, mechan yo ap voye je yo bouske toupatou, yo p'ap jwenn kote pou yo chape kò yo. Sèl espwa yo, se lanmò y'ap tann.
Job 31:8se pou lòt moun rekòlte sa mwen plante. Se pou yo rache tout ti plant k'ap pouse nan jaden m'.
Psalms 119:82Je m' yo fè m' mal tèlman m'ap veye sa ou te pwomèt la. M'ap mande: -Kilè w'a vin konsole m'?