The Bible Software
bible.software › Deuteronomy › Deuteronomy 29 › Deuteronomy 29:24

Deuteronomy 29:24

Lè sa a, tout moun sou latè va mande: Poukisa Seyè a fè moun sa yo sa? Pouki tout kòlè sa a sou peyi a?

Bib La

In The King James Version

Even all nations shall say, Wherefore hath the LORD done thus unto this land? what meaneth the heat of this great anger?

In Context

23Y'a wè tout peyi a kouvri anba souf ak sèl, tout tè a boule. Lè sa a, moun p'ap ka simen anyen nan tè a, ankenn plant p'ap ka pran ladan l'. Pa menm vye zèb p'ap ka pouse. Peyi nou an va tankou lavil Sodòm ak Gomò, tankou lavil Adma ak Siboyen, lavil Seyè a te detwi nèt lè l' te ankòlè a, lè l' te move anpil la.

25Y'a reponn yo: Se paske yo pa t' kenbe kontra Seyè a, Bondye zansèt yo a, kontra li te pase ak yo lè li t'ap fè yo soti kite peyi Lejip la.

Read all of Deuteronomy 29

Cross References

1 Kings 9:8Tanp sa a va tounen yon vye mazi. Tout moun ki va pase bò la va sezi, y'a met men nan bouch. y'a mande poukisa Seyè a fè peyi a ak tanp lan sa.

2 Kings 18:12Lavil Samari te tonbe paske moun pèp Izrayèl yo pa t' obeyi Seyè a, Bondye yo a. Yo pa t' respekte kontra li te pase ak yo a. Yo pa t' fè tou sa Moyiz, sèvitè Seyè a, te mande yo fè. Yo pa t' koute l'.

Jeremiah 5:19Lè y'a mande poukisa Seyè a, Bondye yo a, ap fè yo sibi tou sa, w'a di yo: Menm jan yo te vire do ban mwen pou y' al sèvi bondye moun lòt nasyon yo isit nan pwòp peyi yo a, konsa tou, nou pral sèvi moun lòt nasyon yo nan yon peyi ki pa pou nou.

Jeremiah 22:9Lèfini y'a reponn: Se paske yo pa t' kenbe kontra Seyè Bondye yo a te siyen ak yo a. Y' al adore lòt bondye yo, yo fè sèvis pou yo.

Lamentations 2:15Tout moun sou granchemen an ap rele chalbari dèyè ou. Y'ap lonje dwèt sou ou, y'ap pase lavil Jerizalèm nan rizib. Y'ap ri, y'ap di: -Men lavil yo t'ap di pa gen pi bèl pase l' la wi! Se lavil sa a wi ki te fè kè tout moun bat pou li a!

Ezekiel 14:23Wi, lè n'a wè jan moun sa yo t'ap viv ak sa yo t'ap fè, n'a konnen mwen te gen rezon fè lavil Jerizalèm sa m' te fè l' la. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Deuteronomy 29:24

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Deuteronomy 29:23Deuteronomy 29Deuteronomy 29:25 →