Deuteronomy 3:21
Apre sa, mwen bay Jozye lòd sa a: Ou wè ak je ou tou sa Seyè a, Bondye nou an, te fè de wa peyi Amon yo. Se menm bagay la Seyè a ap fè wa tout peyi kote nou pral pase yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
22Nou pa bezwen pè yo menm. Se Seyè a menm, Bondye nou an, ki pral goumen pou nou.
Cross References
Numbers 27:18Seyè a reponn Moyiz: -Pran Jozye, pitit gason Noun lan. Se yon nonm ki gen lespri Bondye k'ap travay nan kè l'. W'a mete men ou sou tèt li,
Deuteronomy 7:19Chonje tout gwo malè nou te wè ak je nou, tout mèvèy ak tout mirak Seyè a te fè ak fòs ponyèt li ak gwo kouraj li pou l' fè nou soti kite peyi sa a. Seyè a pral fè menm jan an tou ak tout pèp nou pè yo.
1 Samuel 17:36Menm jan mwen touye lyon ak lous, se konsa m'a touye sòlda Filisti sa a ki pa moun k'ap sèvi Seyè a. M'ap touye l' paske li mete lame Bondye vivan an an defi vin goumen avè l'.
2 Corinthians 1:10Se li menm ki delivre m' anba tout gwo danje lanmò sa yo. Se li menm k'ap toujou la pou delivre m'. Wi, mwen gen espwa l'ap toujou delivre mwen,
Ephesians 3:20Tout lwanj lan se pou Bondye. Paske, ak pouvwa k'ap travay nan nou an, li kapab fè pi plis pase tou sa nou ka mande, pi plis pase tou sa nou ka mete nan lide nou.