Deuteronomy 31:11
lè tout pèp Izrayèl la va vin adore Seyè a, Bondye nou an, nan kote li te chwazi pou sa a, n'a li tout liv lalwa a byen fò devan yo tout, pou yo ka tande l' nan zòrèy yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 23:16Apre sa, n'a fete fèt Premye Rekòt la lè nou fèk konmanse rekòlte grenn nou simen nan jaden nou yo. N'a fete fèt Dènye Rekòt la menm vè fen lanne a, lè n'ap fin rekòlte tou sa ki nan jaden nou yo.
Deuteronomy 12:5Se Bondye menm ki pral chwazi yon kote pou l' rete nan mitan pèp la, kote pou yo fè sèvis pou li. Se la n'a vin jwenn Seyè a, Bondye nou an.
Deuteronomy 12:14Seyè a pral chwazi yon kote nan pòsyon tè yonn nan branch fanmi nou yo. Se la sèlman n'a ka ofri bèt pou nou boule nèt pou Seyè a, se la n'a fè tou sa li mande pou nou fè a.
Joshua 8:34Lèfini, Jozye li tout pawòl ki te nan liv lalwa a, pawòl benediksyon yo kou pawòl madichon yo, jan yo ekri nan liv lalwa a.
2 Kings 23:2Apre sa, wa a moute nan Tanp Seyè a ansanm avèk prèt yo, pwofèt yo, tout moun peyi Jida yo, moun ki rete lavil Jerizalèm yo ak tout rès pèp la, grannèg kou tinèg. Wa a kanpe devan yo tout, li li byen fò tou sa ki te nan Liv Kontra yo te jwenn nan Tanp Seyè a.
Nehemiah 8:13Nan denmen, tout chèf branch fanmi pèp Izrayèl yo, prèt yo ak moun Levi yo sanble ankò bò direktè Esdras pou yo te ka etidye pawòl lalwa a.