Deuteronomy 31:12
N'a sanble tout moun, fanm kou gason, timoun kou granmoun, ansanm ak moun lòt nasyon k'ap viv nan lavil nou yo, pou yo ka tande l', pou yo ka aprann gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an, pou yo kenbe lalwa a, epi pou yo fè tou sa ki ladan l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 4:10Pa bliye jou nou te kanpe sou mòn Orèb la, devan Seyè a, Bondye nou an. Lè sa a, li te di mwen: Sanble tout pèp la pou m' ka fè yo tande pawòl mwen gen pou m' di yo, pou yo aprann respekte m' pandan tout lavi yo sou latè, lèfini pou yo moutre pitit yo fè menm bagay la tou.
Deuteronomy 29:9N'a kenbe kontra sa a. N'a fè tou sa ki di ladan l' pou nou ka reyisi nan tout sa n'ap fè.
Joshua 8:33Apre sa, tout pèp Izrayèl la vini ak chèf fanmi yo, direktè yo ak jij yo ansanm ak moun lòt nasyon ki t'ap viv nan mitan yo, yo kanpe sou de bò Bwat Kontra Seyè a, ak fas yo vire ap gade moun Levi ki t'ap pote Bwat Kontra a sou zepòl yo nan mitan. Mwatye ladan yo te kanpe sou pant Mòn Garizim, mwatye sou bò mòn Ebal. Se konsa, depi lontan Moyiz, sèvitè Bondye a, te ba yo lòd kanpe lè lè a va rive pou yo resevwa benediksyon.
Ezra 10:1Esdras menm te ajenou toujou, fas atè, devan Kay Bondye a, li t'ap lapriyè. Dlo nan je, li t'ap rekonèt tout fòt pèp la te fè devan Bondye. Pandan li t'ap fè sa, yon foul moun pèp Izrayèl la, gason, fanm ak timoun, vin sanble fè wonn bò kote l'. Dlo t'ap ponpe nan je yo tout.
Psalms 34:11(034:12) Vini non, timoun mwen yo, koute sa m'ap di nou. M'a fè nou konnen ki jan pou nou gen krentif pou Seyè a.
2 Timothy 3:15Depi ou te tou piti ou konnen sa ki nan Liv Bondye a. Se liv sa a k'ap ba ou bon konprann, bon konprann ki fè moun rive delivre, gremesi konfyans yo gen nan Jezikri.