Deuteronomy 31:14
Lè sa a, Seyè a di Moyiz konsa: -Ou pa lwen mouri. Rele Jozye. Vini ansanm avè l' nan Tant Randevou a pou m' ka ba li lòd sa pou l' fè. Se konsa, Moyiz ak Jozye al kanpe nan Tant Randevou a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 47:29Lè sa a, Izrayèl vin wè li pa t' gen lontan pou l' viv ankò. Li fè rele Jozèf, pitit li a, li di l' konsa: -Si ou renmen m' vre, tanpri, fè m' sèman. Mete men ou nan fant janm mwen, pwomèt mwen w'ap kenbe pawòl ou, ou p'ap janm trayi m'. Tanpri, pa antere m' nan peyi Lejip.
Exodus 34:2Pare ou byen bonè denmen maten. W'a moute sou mòn Sinayi a. Vin jwenn mwen la sou tèt mòn lan.
Numbers 27:18Seyè a reponn Moyiz: -Pran Jozye, pitit gason Noun lan. Se yon nonm ki gen lespri Bondye k'ap travay nan kè l'. W'a mete men ou sou tèt li,
Deuteronomy 31:2-Koulye a, mwen gen sanventan sou tèt mwen. Mwen pa gen fòs pou m' fè anyen ankò. Lèfini, Seyè a te tou di m' mwen p'ap janbe lòt bò larivyè Jouden an.
Deuteronomy 32:50Ou pral mouri sou mòn kote ou pral moute a, ou pral jwenn moun pa ou yo ki deja mouri, menm jan sa te rive Arawon, frè ou la, ki te mouri sou mòn Or la, epi ki te al jwenn moun pa l' yo ki deja mouri.
Joshua 23:14Mwen menm, mwen pa lwen kite tè a. Nou tout nou konnen nan kè nou ak nan lespri nou Seyè a, Bondye nou an, te ban nou tout bèl bagay li te pwomèt nou yo. Li kenbe tou sa li te pwomèt, yo tout rive vre.