Deuteronomy 31:18
Men malgre sa, mwen menm m'a refize ede yo paske yo te fè twòp bagay mal lè yo te al kouri dèyè lòt bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 34:15Pa antre nan ankenn konfyolo ak moun ki rete nan peyi a, paske lè y'ap sèvi bondye yo, lè y'ap touye bèt pou yo, sa y'ap fè a se menm bagay ak fanm k'ap fè jennès. Lè sa a y'a konprann pou yo vin envite nou. Konsa nou ka tonbe nan manje vyann bèt yo te ofri bay zidòl yo.
Deuteronomy 32:20Li di: mwen pral vire do m' ba yo. M'a wè sa ki pral rive yo. Se yon bann moun ki plen vis, yon bann pitit ou pa ka fin fye nèt.
Isaiah 5:25Se sa ki fè tou, Seyè a te fache anpil sou pèp li a. Li te leve men l' sou yo, li frape yo. Lè sa a, mòn yo tranble. Kadav moun mouri yo ap trennen nan mitan lari tankou fatra. Men, se poko sa toujou! Se atò Seyè a move. Li poko fin ak yo.
Jeremiah 33:5Gen moun ki soti pou kenbe tèt ak moun Babilòn yo. Moun sa yo lakòz kay yo pral plen kadav moun mwen pral touye tèlman mwen fache, tèlman mwen move. Mwen p'ap okipe lavil Jerizalèm ankò paske moun li yo fè twòp mechanste.