Deuteronomy 31:23
Apre sa, Seyè a bay Jozye, pitit gason Noun lan, lòd li yo. Li di l' konsa: -Mete gason sou ou. Se pou ou vanyan. Paske se ou menm ki pou fè moun pèp Izrayèl yo antre nan peyi mwen te pwomèt m'ap ba yo a. M'ap kanpe la avè ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
22Menm jou sa a, Moyiz ekri chante a epi li moutre tout moun pèp Izrayèl yo li.
24Lè Moyiz fin ekri tout pawòl lalwa Bondye a nan yon liv san li pa sote anyen,
Cross References
Deuteronomy 31:3Seyè a, Bondye nou an, se li menm ki pral pran devan nou. L'ap detwi tout nasyon sa yo devan je nou pou nou ka pran peyi yo pou nou: Se Jozye ki va mache devan nou, jan Seyè a te di l' la.
Deuteronomy 31:7Apre sa, Moyiz rele Jozye, li pale avè l' devan tout pèp Izrayèl la, li di l' konsa: -Mete gason sou ou! Se pou ou vanyan! Paske se ou menm ki pral alatèt pèp la pou l' antre pran peyi Seyè a te fè sèman l'ap bay zansèt yo a.
Deuteronomy 31:14Lè sa a, Seyè a di Moyiz konsa: -Ou pa lwen mouri. Rele Jozye. Vini ansanm avè l' nan Tant Randevou a pou m' ka ba li lòd sa pou l' fè. Se konsa, Moyiz ak Jozye al kanpe nan Tant Randevou a.
Joshua 1:9Chonje lòd mwen te ba ou! Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje! Ou pa bezwen tranble, ou pa bezwen pè, paske Seyè a, Bondye ou la, ap toujou kanpe la avèk ou kote ou pase.
Acts 7:45Yo pase tant sa a bay grandèt nou yo ki te vin apre. Grandèt nou yo menm te pote l' avèk yo lè Jozye t'ap mennen yo pou yo pran peyi a nan men pèp Bondye t'ap chase met deyò devan yo. Tant la rete la jouk sou tan David.