Deuteronomy 32:14
Bèf yo ak mouton yo ap bay lèt an kantite. Y'a manje vyann mouton gra, vyann belye Bazan ak vyann bouk kabrit. Y'a manje pi bon kalite farin frans, y'a bwè ji rezen pou diven.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 49:11L'ap mare ti bourik li a nan yon pye rezen, l'ap mare pitit manman bourik li a nan pi bon pye rezen an. L'ap lave rad li nan diven, l'ap lave varèz li nan diven wouj kou san.
Judges 5:25Sisera mande l' dlo, li ba li lèt. Li ba l' yon krèm lèt nan pi bèl bòl li te genyen.
Nehemiah 9:25Pèp ou a mache pran tout lavil ki te gen gwo fò pou defann yo, ak tout bon venn tè moun yo. Yo pran tout kay yo ansanm ak tout byen ki te ladan yo. Yo jwenn sitèn tou fouye, jaden rezen, jaden oliv ak pyebwa k'ap donnen an kantite. Yo manje, yo plen vant yo, yo vin gra. Yo pran plezi jwi tout kantite bèl bagay ou te ba yo.
Job 20:17Li p'ap viv pou l' wè lwil koule tankou dlo larivyè, ni siwo myèl ak lèt koule tankou lavalas.
Psalms 81:16(081:17) Mwen ta ba yo pi bon kalite manje pou yo manje. Mwen ta plen vant yo ak bon siwo myèl ki soti nan twou wòch!
Isaiah 7:15Se lèt ak siwo myèl ase l'a manje jouk l'a rive laj pou l' konnen sa ki mal ak sa ki byen.