Deuteronomy 32:38
Se pa yo ki te konn manje grès bèt nou te konn ofri yo? Se pa yo ki te konn bwè diven nou te konn vide sou lòtèl yo? Se pou yo vin koulye a, se pou yo vin delivre nou! Se pou yo kouri vin pwoteje nou!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 21:21Depi yon gason nan ras prèt Arawon an enfim yon kote nan kò li, li p'ap ka pwoche pou fè ofrann pou boule nan dife pou Seyè a. Wi, si li gen yon enfimite, li p'ap ka pwoche devan Bondye pou fè ofrann pou li.
Psalms 50:13Eske m' manje vyann towo bèf? Eske m' bwè san bouk kabrit?
Hosea 2:8Pèp Izrayèl la pa t' rekonèt se mwen menm ki te ba li farin, diven ak lwil. Ata lò ak ajan, se mwen ki te ba li yo an kantite. Men, li pran yo pou fè sèvis Baal.